JESUS Loves the Little Children, and you?

JESUS  Loves the Little Children, and you?

samedi 20 décembre 2008

Bay JEZU lavi ou

Bay JESUS lavi ou, pou twòta pa bare ou …
La Pè BONDIEU avèk ou Zanmi mwen yo !Mwen di BONDIEU mèsi pou gras Li fè mwen paske Li mande mwen pou mwen preche Pawòl Li.Zanmi mwen yo, BONDIEU mande nou jodi a pou nou bay JESUS lavi nou pou twòta pa bare nou. Jwenn yon moun ki konvèti vre, fè li priye pou JESUS-CHRIST vini Mèt ak Senyè ou. Ou kapab ale tou nan yon Legliz, kote yap priye BONDIEU ki Tou Puisan an, ( se pa ni yon zidòl, ni yon estati), men GWO BONDIEU ki fè tè a ak syèl la : mande pou yo priye pou ou. Pou BONDIEU vini Papa ou, pou JESUS-CHRIST vini Sovè ou epi pou SENTESPRI BONDIEU rantre nan ou, pou konsole ou. Ou va vini PITIT BONDIEU.Nenpòt kilès ou ye, wap gen lavi ki pap janm fini an SI ou kwè sèlman nan JESUS, lè ou envite Li antre nan kè ou. Paske Pawòl BONDIEU di nou nan Jan 3 vèsè 16 « Paské, Bondié sitèlman rinmin lèzòm li bay sèl Pitit li-a pou yo. Tout moun ki va mété konfians yo nan li pap pédi lavi yo. Okontrè ya gin lavi ki pap janm fini an. »Pa di : ‘pou sa mwen konnen mwen fè, BONDIEU pap padone mwen’. Pa di sa zanmi mwen, okontrè se pou peche ou menm JESUS te vini mouri epi resisite tou. Kèlkeswa sa ou te konn fè ki mal devan Je BONDIEU, BONDIEU ap konsidere ke ou pat konnen sa ou tap fè yo si ou repanti. Paske ou te nan inyorans. Se sa ki fè Pawòl BONDIEU di nou nan Actes/Travay 17 vèsè 30 « Min, Bondié fèmin jé-l sou tout tan sa yo moun pasé nan lignorans. Koulyé-a li rélé yo tout, koté yo yé, pou yo tounin vin-n jouinn li. »Pa rete tan ankò zanmi mwen, BAY JESUS LAVI OU POU TWÒTA PA BARE OU. Pa di : Ma gentan konvèti anvan mwen mouri. Pa di sa, paske gen anpil moun ki te konn di sa tou, men yo mouri san yo pa gen tan konvèti. Anpil kouche sou do nan yon mòg, anpil lòt kouche sou do nan yon tonm, paske twòta bare yo. Nan Mak 1 vèsè 15 JESUS di « Li tap di yo konsa : -Jou-a rivé. Koulyé-a, Bondié ki roua nan sièl la ap vi-n pran pouvoua-a nan min li. Tounin vi-n jouinn Bondié. Asépté Bon Nouvèl la .»Kwè nan JESUS epi chèche batize. Paske, yon moun ki fin kwè nan JESUS dwe batize ; paske li pa gen anyen lap kache ankò. Mak 16 vèsè 16 di « Moun ki kouè épi ki résévoua batèm va délivré. Min, moun ki pa kouè va kondannin. »Zanmi mwen, non ou dwe ekri nan LIV LAVI A. Pou non ou ekri nan Liv Lavi a, se lè ou va aksepte JESUS nan lavi ou : lè ou envite JESUS rantre nan kè ou. Men, on moun ki mouri san li pat aksepte JESUS prale boule nan lanfè. Pawòl BONDIEU di nan Révélasion 20 vèsè 15 « Tout moun ki pat gin non yo ékri nan liv ki gin non moun ki gin lavi-a, yo jété yo nan létan difé-a tou. »Men nou menm ki gen tan konvèti deja : nou menm Kretyen, nou dwe obeyi LÒD mèt nou. JESUS mande nou pou nou preche Pawòl Li, pou nou fè disip pou Li. Se pa si nou vle, men se LÒD CHÈF nou pase nou nan Matié 28 vèsè 19 ak vèsè 20 « Alé fè disip pou mouin nan tout nasion, batizé yo nan non Papa-a, Pitit la ak Sintéspri-a. Moutré yo pou yo obsèvé tou sa mouin té ban nou lòd fè. Chonjé sa byin : mouin la avèk nou touléjou, jouk sa kaba. »Nou menm Kretyen, nou wè gwosè responsabilite nou genyen pou nou chèche nanm pou Senyè nou. 1 Korint 9 vèsè 16 di « Tandé byin, sé pa you louanj pou mouin dèské map anonsé bon nouvèl la. Sa sé you obligasion yo fè mouin. Malè pou mouin si-m pa anonsé bon nouvèl la ! »Frè ak Sèm yo nan JESUS, gen anpil moun nan fanmi nou, nan vwazinaj nou epi moun ke nap rankontre ki poko bay JESUS lavi yo : Nou dwe ale preche yo Levanjil la, paske se sou nou BONDIEU konte, se pa sou pye bwa yo BONDIEU konte. JESUS di nan Matié 10 vèsè 32 ak 33 « Moun ki va kanpé pou mouin dévan lèzòm, mouin minm tou, ma kanpé pou li dévan Papa-m ki nan sièl la. Min tou, moun ki va kanpé dévan lèzòm pou di li pa konnin-m, mouin minm tou, ma kanpé dévan Papa-m ki nan sièl la, ma di mouin pa konnin-l. »

DIEU vous Aime réellement ...

Aucun commentaire: